Lafam

se pa koyo m’koyo si m’ap trennen

pèdi tan pou m di w kareman m’renmen w

se paske se nan womans fè jakopyevèt file w

mwen jwenn tout enspirasyon pwezi lavi m.

 

se pa koyo m’koyo si m’ap trennen

pèdi tan pou an 2 tan 3 mouvman m’pata renmen avè w

se paske longè vi n pap janm ase pou n chante ekri ekspoze

tout santiman pwofondè lanmou m pou ou enspire m.

 

yon flonn lide bakoulou, bon maton espesyalis dyòldous nan file fanm

jwenn repons plopplop trapde, pase nan tèt mwen detanzantan pou di m :

« Owi ! ki tout tulututu literati pale pwenti sa a anvan w kage l.

prensip renmen alamòd alèkile se: sokabrit koulcholkwit bridsoukou pleziyis

pran gou n’on ponyen sikdòy piwouli bon plezi souse niche siwo sitwouy si

oo!..wooo ! Alce is playing music nan latranblad fantdan lafyèv frison lanmou!

 

si tout rèv mwen pou ou ta ka monte rete byen  wo sou yon wotè

kote okenn vye panse, oken chwichwichwi sosyete a pata kab rive jwenn yo

pou kolboso, degrade bote yo, tyake , doute senserite yo,

m’ta kite yo tout rete kouve byen cho nan fon kè lanati sou tout longè lavi.

konsa, sa ta banm tan pou m fè lemond linivè latè limanite toutantyè konprann:

se pa renmen m’renmen w

se fou m fout fou pou ou.

Emmanuel  Albert  (ToTo )

About EchoCulture.org

Echo Culture, créée en juin 2011 à Providence, Rhode Island (USA), est une association haitienne d’échanges culturelles, apolitique et à but non lucratif. Elle a pour mission de promouvoir l’art et la culture à travers des manifestations culturelles comme la danse, le theatre, la peinture et la litterature.

Posted on 4 November 2012, in Creole poetry and tagged , . Bookmark the permalink. 6 Comments.

  1. Pierre Richard Raymond

    Mwen ta di mem bagay ak Dr. Valcin men Toto poko fin deplotonen lanmou ki nan ke la. fanm sa ke misye ap pale se yon sinbol respe pou yon ak lot pandan lanmou ap grandi nan ke tout moun. Se yon kormansman yon lit pou nou jwen chimen ke fanm sa. Eske se ayiti ki fanm sa? Eske se madanm pam, se m vwazin nan manman m ou tout fanm ki mare ke l ak riban respe pou tet yo . Mesi toto, nan bon moman ak move tou map mande madanm m, se m, zanmi yo, deki fanm san Toto ap pale a. Mesi anpil

  2. Lafam se yon’n pami tout bèl kout plim powèt la, Emmanuel Albert (Toto); ta ka janm ekri kote’l chache makiye tout bèl ti mo poul montre flanm lanmou kap tayepanpan nan bafon kèl. Nan kalite kout penso sa-a powèt la pran san’l poul fèn siyote lanmou an sou tablo lanati pandan’l mete apa lanmou nan tan lontan ak lanmou jounen jodi.
    Si sou yon pati nan tablo-a atis la mete ansanm jènjan bòzò “bon maton espesyalis dyòldous nan file fanm” ak “prensip renmen alamòd alèkile ki se: sokabrit koulcholkwit bridsoukou pleziyis” ki ka bay yon “repons plopplop trapde”; sou yon lot pati nan tablo-a li kwe se nan bèl womans, nan “monte rete byen wo sou yon wotè kote okenn vye panse, oken chwichwichwi sosyete a pata kab rive jwenn yo” pou’l ta moutre longè, lajè otè, profondè, ak imansite lanmou’l nan yon dimansyon kote’l ta “fè lemond, linivè, latè, limanite toutantyè konprann” an 3 lèt sèlman li ” FOU ” pou Lafam. (ala traka papa! eske gen tankoul?)
    Map di yon gwo kokenn chenn Merci ak “Echo Culture” ki detanzantan fèn goute mòso nan bèl powèm pwofesè Emmanuel Albert yo e map di yon gwo chay MERCI tou ak Pwofesè ya pou bèl travay sa-a lap nan lang kreyòl nou an.

  3. Gisette Jules Richard

    mesye dam bonswa. Bon mwen mem mwen pa dako ak moun ki di ke poem sa se youn nan pi bel poem toto ekri kom chak moun gen gou yo nou gendwa pa dako men kan mem mwen dwe respekte opinyon chak moune eskize’m sim di sa konsa se paske pou mwen gen lot poem ke toto ekri ki pi frape’m malgre’m se fam. simpleman, poem sa-a li ekri sou non fam men dapre mwen mem li pou gason dyole, chochowe, jack pye vet ak don juan kap mache trompe fam ak bel parol ki pa trompe fam ti loloj selman men tout lot fam lespri kap chache sentiman, ak chouchoutman, poem sa-a se youn mesaj ke toto voye sou yon fey mazonbel ki pou di gason diole, profite yo li le pou’n antre nan konsyans non pou’n pa fe fam abi, paske fam se manman nou, se nou, se nouriti nou se pou ssa li pote de manmel ki pafwa mem le yo tro lou pou lestomak li li ban bwe ladan’l ak tout lanmou’l san pleyen. se sa toto reveye inkonsyan-yo? fe yo apran respekte fam pou yo bouke mache pran avantay. epitou, mesi deskew bay fam vale’l merite ke yo vle’l ke yo pa vle’l samblew fe diferans wi?
    mesi pou tot fam ki pap gen chans li poem s-a ma patage’l ave yo. instwi yo kouman pou yo dekouvri trik vole yo kap vini ak bel parol pou yo ka poze sou petal fam pou yo vin souse sirop lefin pou yal fe bel reklam pou tet yo :”si sot pa bay enbesil pa pran” kontinye jan premye profese-a di: ou ekri ak tout bon santiman-w sa- se yon don toto. Mesi deske me’m lew pa fam wap ede yo pran kamp yo pou yo pa tombe nan piej neg save men ki poutan pa kapab bay ledicatyon san yo pa jete fam byen ba. ke Bondye beni-w.

  4. Nan domèn literati tou, gen prensip, gen regleman; sa fè li toujou enteresan pou atis yo, ekriven ak poèt yo, pa egzanp, pou yo danse kadans òganizasyon sa a nan tou sa yap ekri. Se avèk je kale sa a ke mwen li poèm sa a ki jayi anba plim Emanuel Albert avèk tit «Lafam».

    La, tou dabò, mwen gen opòtinite pou-m kontanple yan lanmè bèl imaj kap kannale desan-n e ki pèmè-t mwen rantre nan fon kè poèt la pou-m wè non sèlman fason li gade yon fan-m men tou, bèl direksyon li ban mwen pou-m wè lafam o konplè, pou-m abòde li kòm sa dwa nan mitan bon Jan «womans fè jakopyevèt file»fan-m mwen vle a.

    Epi tou, Emmanuel pwan san-l pou-l eksplike fason pou yon nèg matcho tankou mwenmen-m, pou-m kanpe lwen lanmou san romans kote se sèlman « sokabrit koulcholkwit bridsoukou pleziyis pran gou n’on ponyen sikdòy piwouli bon plezi souse niche siwo sitwouy ».Men-m lè, kòm gason, m-ka ap chache men-m bagay la, atis la ban-m yon leson, tankou jan tout bon èv literati dwe fè sa, sou kijan pou-m ranje kòm ansan-m ak pawòl pou-m deklare pou pemèt medam yo monte «wo sou yon wotè kote okenn vye panse, oken chwichwichwi sosyete a pata kab rive jwenn yo pou kolboso, degrade bote yo, tyake, doute senserite yo».

    Pou fini, gen fason poèt la ranje mo yo, jan-l òganize kwazman ide yo, mezanmi, m-kwè se sa nèt. Mwen viv e reviv pwezi sa a, e-m felisite Emmanuel Albert pou sa mwen konsidere kòm yon travay total, yon monimam disèt mil wotè nan literati kreyòl nou an.

    Konpliman, gason! Kenbe la, e pote plis tèks konsa toujou ni pou piblik Echo Culture a, nipou tout Ayisyen a la won-n badè, kèlkeswa kote yo ye sou la tè beni!

  5. Nan domèn literati tou, gen prensip, gen regleman; sa fè li toujou enteresan pou atis yo, ekriven ap poet yo, pa egzanp, pou yo danse kadans òganizasyon sa a nan tou sa yap ekri. Se avèk je kale sa a ke mwen li poèm sa a ki jayi anba plim Emanuel Albert avèk ti-t « Lafam ».
    La, tou dabò, mwen ken opòtinite pou-m kontanple yan lanmè bèl imaj kap kannale desan-n e ki pèmè-t mwen rantre nan fon kè poèt la pou-m wè non sèlman fason li gade yon fan-m men tou, bèl direksyon li ban mwen pou-m wè lafam o konplè, pou-m abòde li kòm sa dwa nan mitan bon jan « womans fè jakopyevèt file » fan-m mwen vle a.

    Epi tou, Emmanuel pwan san-l pou-l eksplike fason pou yon nèg matcho tankou mwenmen-m pou-m kanpe lwen lanmou san romans kote se sèlman « sokabrit koulcholkwit bridsoukou pleziyis
    pran gou n’on ponyen sikdòy piwouli bon plezi souse niche siwo sitwouy ». Men-m lè, kòm gason, m-ka ap chache men-m bagay la, atis la ban-m yon leson, tankou jan tout bon èv literati dwe fè sa, sou kijan pou-m ranje kòm ansan-m ak pawòl pou-m deklare pou pemèt medam yo monte « wo sou yon wotè kote okenn vye panse, oken chwichwichwi sosyete a pata kab rive jwenn yo pou kolboso, degrade bote yo, tyake , doute senserite yo ».
    Epi, gen fason poèt la ranje mo yo, jan-l òganize kwazman ide yo, mezanmi, m-kwè se sa nèt. Mwen viv e reviv pwezi sa a, e-m feliste Emmanuel Albert pou sa mwen konsidere kòm yon travay total nan literati kreyòl nou an.
    Konpliman gason! Kenbe la, e pote plis tèks konsa pou piblik Echo Culture a toujou!

Leave a reply to Dr. Valcin Cancel reply