Yo gen 2 plim

 

22 me tout moun ki te an ble te gen yon kat sere. VSN milisyen tonton makout fiyètlalo tonbe plede fè lobo ak mitrayèt wouzi revolvè, yap tire anlè. Bri bal fè kenkent. Paw! Paw! Traaaaa Traaaaa fedatifis bal  ap pete  w’a di pètpèt mayi kap griye nan chodyè cho machann breton lakòl siwo kann bougonnen granmoun.

Pèsonn pat kouri. Se te tankou tradisyon gwo fèt an ble chak ane. Men, granmoun toujou di atansyon pa kapon. Si w se sa ou sa, men si w pa sa rale kò w. Retire fal ou sou pewon evite vye bal mawon. Pou okazyon fèt la sèlman, pa gen veye veye yo, prete zòrèy tande kote bri bal kamoken ap sòti. Se larekreyasyon dezòd legalize dwa ak devwa kase tout kòd jiridik kriminèl penal, yo pran lari kòlet debraye legwopèpsamiz ap banbile chante:

Viv Duvalier! Viv Duvalier, vire dada w jan w vle.

Pami yo ou konn sezi wè tou etidyan inivèsite, pwofesè direktè, ekriven anplwaye fonksyonè komèsan klas mwayèn, endistriyèl, fokole boujwazi tulututu dyòl woze aritokrasi chita pandye sou kapo gwo djip, bèl oto, ak boutèy yo leve anlè kap defile rele yomenm tou: Viv Duvalier!

E, lè je w tonbe nan je yo, yo wè w wè yo, yo chanje son an, yo repete l ak gòj yo pou yo ka fè w tande kòmsi yap di pito: Plezi gaye!

Wi, plezi gaye vre chak jou avèk moun sa yo nan telefòn, sou waf, nan achiv, nan imigrasyon, kontribisyon, ayewopò, nan kabinè minis, yo nan ladwann yap chache piston mannigèt favè tout bagay gratis. Tout sa yap regle fèt rapid n’on batje san kanpe nan liy. Men, plop! yon maten deblozay pete tout bon vre bagay yo gaye, langaj yo tou vire tou. Ou tande:

Oh! Duvalier, ces féroces dictateurs, ces sanguinaires Hitler des Caraïbes!

On en avait vraiment ras le bol de leur pouvoir sans partage.

 

Wèl! Wèl!  Ipokrit! èske nou toujou ka benyen san mouye lonbrit? Konbyen fwa nou vle naje nan mitan “Pactole” epi, fè fent rele di pikan ap pike n! Timoun fè ralba li blese ladann jiskozo lè l pa pran prekosyon! Entèlektyèl bò lakay (Hum ! M’manke di : antrelesyèl ; paske yo g’on pye k’pa sou tè a, yo nan rèv, yo pa nan reyalite a, yo toujou g’on kostim nèf koke,yap tann )

Wi, m’di, entèlektyèl  bò lakay gen 2 plim. Youn pou yo ekri gwo sibjonktif Kote yon senp enfinitif tap sifi e pi kòrèk. Lòt plim nan toujou nan mitan plamen yo,  li fè yo paka leve ni lou ni lejè. Anpil ki tap mòde nan donbrèy la, e,ki chwazi jete yo anvan, pandan ou aprè lòbèy la, yo toujou vle antre aletranje sou etikèt ekzile. Yo pap etidye pou jòb, ni al nan faktori leve gwo bwat lou pwa 50 “handle with care’’:

Pran bwat la san frappe l. Leve l, al depoze l tou dousman. Blan an kanpe ap gade w.  Bofi jefra, yo la pito, anndan kay la an reskiyè. Yon ti Nana ap travay sipòte frèzebil yo menm, yo nan telefòn! Gwo ekzile kap pale franse, fè pwezi kòmantè bèl analiz pandan yap met nan bouch vale glout ankachèt bokal Gerber ti bebe a nan frijidè a.

Emmanuel  Albert (Toto)

Advertisements

About EchoCulture.org

Echo Culture, créée en juin 2011 à Providence, Rhode Island (USA), est une association haitienne d’échanges culturelles, apolitique et à but non lucratif. Elle a pour mission de promouvoir l’art et la culture à travers des manifestations culturelles comme la danse, le theatre, la peinture et la litterature.

Posted on 19 December 2012, in Creole poetry and tagged , , . Bookmark the permalink. Leave a comment.

Leave a comment / Ecrire un commentaire

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: