San santiman pou sensantim

Depi plis ke 2000 an nouyoun nan nou

Poko kabab voye premye pyè a

Malgre tout klin tout pwòp nou vante di anndan nou pi klin pi pwòp

Moun ki an fas nou se pi bon miwa

Pou n’gade efè reflè kalite ak defo n, epi chache korije;

Men, imaj pòtre foto tèt nou pa janm parèt ladann

Se pito defo lòt moun nou toujou wè pi klè, pi lèd

Nou louvri fèmen byen sere gwo parantèz sou tout sa n’fè k’kwochi;

Epoutan, nou toujou deside kritike krisifye ak twa gwo klou jalouzi, medizans, chwichwichwi

Efò lòt moun kap travay redi sye pou pwodui

Pa gen metye k’dezonè.

Okontrè metye la pou kenbe men nou okipe

Pou l’ pa’l pran lawont kaminizye w’pap travay lonje bòl ble priye di tanpri souple

Nou chak g’on jan n’mache; konsa gen plizyè mwayen pou monte gravi pant lavi

Pyelou pran tan woule anvan l’vole

Papiyon pyelejè limenm trapde voltije anlè

Men toulède gen zèl

Toulède konn bat zèl

Fanm ofwaye bagodwa ak pantouf saten vlou, se fanm.

Fanm pyelejè nan sandal bann kase tralalap, se fanm tou.

Sèl diferans: gen fanm ki konfonn souvan santiman ak sensantim.

E, gen lòt fanm ki konsanti viv kareman san santiman pou sensantim.

Anpil kouraj! Jewontje! fòk je w pa mouye pou w’pèdi jekwazandye w

Gade tout moun nan je, e, chwazi egzèse metye k’pi ansyen pi wouye pi koupe,

Men, ki mete  ekilib vre ant lèzòm sou latè

Lang fransè fè efò mete sou menm wotè: yon vendangeur ak yon vidangeur

Yonn kap keyi rezen ki pral fè diven an

E, lòt la ki va gen pou netwaye dechè diven ou fin bwè fè dijesyon w’al bese jete a

Prononsyasyon 2 mo yo sanble vre; men 2 metye yo pa kanpe sou menm bit

Vendangeur rete plantè rezen. Vidangeur rete bayakou k’va jete eskreman rezen an

Men ou pral sezi wè ki jan yo sanble, yo vin menm wotè lè pwostitye a

Aliyen yo len aprè lòt leswivan n’on mouvman louvriyan

Kiyès ki vle antre. Peye! Antre! Ann ale vit! Bayonlòt pase!

E, demen maten nan lavi nòmal, ou wè direktè a ak kòl li nan kou l

Etidyan an ap grennen franse nan lakou fakilte a, pastè a retounen nan kòwòt li,   bayakou a retounen nan bokit li

E, bouretye a, ak vye pantalon pyese l, ap rale bwa bourèt li dotouni.

Poutan, yèoswa, yo tout te la, ap jete dlo a nan menm twou a

Konsa,  sou povant li, fanm pwostitye a  mete tout nèg kèlkeswa ran w egalego.

O! m’manke bliye! fanm ofwaye, fanm bagodwa, pantouf saten vlou a, se fanm tou.

Men, gendèfwa, lechabote elegans bèl bote bèl demach 2 pye sere konn fè

Gwo chatpent piwèt janbe doba, anba lantouraj vwazen an nan manje vwazin nan.

Kidonk aprè plis ke 2000 an nouyonn nan nou poko ka voye premye pyè a!

 

Emmanuel Albert (Toto)

About EchoCulture.org

Echo Culture, créée en juin 2011 à Providence, Rhode Island (USA), est une association haitienne d’échanges culturelles, apolitique et à but non lucratif. Elle a pour mission de promouvoir l’art et la culture à travers des manifestations culturelles comme la danse, le theatre, la peinture et la litterature.

Posted on 25 December 2012, in Creole poetry. Bookmark the permalink. Leave a comment.

Leave a comment / Ecrire un commentaire