Solèy potko kouche lè m antre Lazil

Yon ti koudèy sou “Ann al  Lazil” ekri pa Fred Edson Lafortune, prefase pa Pierre Richard Narcisse

Solèy la potko kouche lè m antre Lazil. Mwen wè l anlè a, an teni dekontrakte wouj jòn safran kòlèt debraye. Li pat cho, cho ap sye transpire jan l konn ye anba chalè òdpòte disèt degre kanikil flanm dife midi, kou w konn leve tèt gade l li move, li voye vapè reyon cho tenyen popyè w, fè w bese je w.

Non! Okontrè, li te rete ap kalbennde pran lèzkò l, rilaks, pwofite loveye banbile ak nyaj tout kalite: Gwo nyaj flokon ponpon talatàn blan. Te gen tou detwa nyaj grimèl cheve kannèl tayfin bèl vwal flanèl bwode, anfelin anfe san jipon ki menm rive al bay solèy la jòf. Yo oze kanpe devirepozepawaze devan l. Yo karese l. Jwe avè l. Poudre l. Bouche je l. Louvri je l. Anvan ya l met dantèl jònwoujdore dekore tout kote nan lorizon syèlkrepiskil pwent boutfennen yon jounen kitirasafen. Lè m wè gwo nyaj nwa rekalsitran, ki souvan konn menase letan, kouri dezabiye, reyabiye ak gwo kostim gri lizredore, mwen di: Aaaa! Lazil sou brennzeng li. Gon plezi ki pral gaye anvan lanjelis tonbe. M potko fèmen bouch mwen, non bat je, mwen wè yon makòn mo tafyatè pleziyis kap degrenngole desann Mòn Oko, do touni chemiz mare nan ren boutèy alamen. Yo tout ap chante di :

 « ann al mare lapli nan pwent jipon
pou nou ka pran lannuit daso »

Sa w tande a, plezi gaye Lazil nan yon defile parad mo ou pat janm sipoze k te ekziste toujou. Mwen wè mo apòy akrèk aplim apach ki fin dechèpiye lavi; m sezi wè yo k’al pran refij Lazil. Mwen wè tou, lòt mo damou bakoulou kadejakè ki fin abize twonpepezesousetòtòt kè tifi wòwòt, k’ap fè galan chelbè jakopyevèt mache bradsibradsou nan parad Lazil, ak jenn tifanm djougan. Podiab! Inosan, yo pa konnen si yal nan louvriyan, pèdi pye kage nan bon pawòl sikdòj damou. Se kan w pran w  konnen :

«nou prale byen lwen
dèyè yon touf powèm rak bwa
tankou de moun fou
pou n voye voye wòch
kase tèt lanmou »
 

Men, gen yon ekrito tou nan Lazil ki di : « Se pa tout lanmou ki pongongon ».

E, sa a, se vre! Paske’m wè nan defile mo Lazil yon eskwad bèl tablo konjigezon vèb Eme. Eme poulavi jetèm alafoli, bonjan santiman. Eme sensè detoukè jan letoupwisan kreye pou n konjige l nan toutan :

« zetwal ou file li pote lanmou
lè zepeng ti tèt kolboso lanmò
zetwal ou file li pa pote dèy
dèyè do lanmè fè nou filalang »

Gon kamyon ki vin kanpe bò pye m ap debake yon latriye mo ak bandwòl labanyè gwo slogan anbandoulyè drapo tout nasyon linivè. Lè m voye je gade ekrito nan drapo peyi pa m, m te konprann se: L’union fait la force, men yo ekri pito L’union perd la force. Fòs sa a nou bezwen pou n rete makònensoude brase lide jwenn vitès enèji 4×4 pou n dekole retire 1804 nan lagon pongongon li ye twò lontan. Yon sèl kou, tout moun vire tèt yo yon sèl bò ap gade jèn ti mo kap defile; mo tikatkat fèkparèt ki grandi Lazil, k’ap mache, k’ap chante :

« lazil se peyi manman m
se la m sere souvni danfans mwen
se la m sere sekrè foli m »

Yo vrèman pa sanble ak lòt mo lajenès etidyan tinedjè chomè tout klas tout nivo ap repete, yon bann mo akiltire ki fè yo tchipe meprize fason mannyè peyi yo grandi pou adopte lòt mòd abiye pale peyi etranje: Yo ! What’s up? What’s up man? Y’ap mache zèpòl kare, janm ekate pantalon afese bese prèt pou tonbe, men yo anlè ap louvri fèmen wa di se nan fantdwèt yo nòt mizik Rap yap chante a ap sòti:

« monn lan gen yon gou sann…
monn lan gen  yon gou san
lemonson majigridi sèt milia djòl gran louvri … »

Men, anpil moun souke tèt ri lè yo fin pase paske nan do mayo ki sou yo, yo ekri mande chèf leta a pou l met gason sou li, kenbe pantalon l byen sere nan tay li pou l devlope peyi a pou chak moun ka viv  an moun. Tèlman gen mo Lazil, fò w fouye brase antrelèliy pou w deniche mo timid ki kwense kò yo, antre kache nan fantjanm parantèz. Yon gagòt digdal konfeti tout koulè mo alagouj nan parad Lazil! Ladan yo m atrap detwa bèl mo djakati m sere anba «wòch galèt rivyè sèpan». Fò m retounen al wè si yo chanje koulè detenn fèy literati lakay pou lapawòl ak lekriti pwodui plis zepi:

« inosans ou kole sou mwen
tankou de chen kole
tankou ti Jezi nan po krab »

Si w gon ti tan, ou pap fè anyen, ann al ansanm, ann al detann nou nan koudjay plezi lekti Lazil. Pran liv sa a nan men w. Ann ale !  Ann al  Lazil !

Pwofesè, ekriven Emmanuel Albert (Toto)

 

Advertisements

About EchoCulture.org

Echo Culture, créée en juin 2011 à Providence, Rhode Island (USA), est une association haitienne d’échanges culturelles, apolitique et à but non lucratif. Elle a pour mission de promouvoir l’art et la culture à travers des manifestations culturelles comme la danse, le theatre, la peinture et la litterature.

Posted on 25 November 2013, in Creole poetry. Bookmark the permalink. 22 Comments.

  1. Yon prezantasyon mwen trouve amizan ki prepare moun pou al Lazil ak Fred. Men doktè bòss lettre la limenm se yon 2 kan li vinn chache fè ak Toto.

  2. Mezanmi, Ann prepare’n pou’n Al Lazil. Docteur es lettres la limenm tou pase akote liv Fred la. Nan cours de leçon de choses li vin fè a se plis de Toto sèlman lap pale. An n al Lazil ak Fred; nou konn Toto deja, docteur. Toto se yon pèsonaj popilè, yon hòm piblik, se nòmal gen moun kap wèl fò, gen lòt moun kap wèl sòt.

  3. Selon mwen menm liv FRED la te dwe parèt ansanm ak prezantasyon an. Tout noun ap pale de TOTO paske se preza tasyon TOTO fè a yo li, yo poko Li liv FRED ekri a.

  4. Nou pare poun al ahte liv saa pou tet TOTO ki prezantel la. Misye saa konn ekri kreyol.
    Gade jan li montre yon soley kap kouche lazil. Mwen menm Fred malgre tout sa kap di map tann kou liv la soti pouw dim kikote lap disponib poum ka al retire kopi pam nan.

  5. Mwen li atik Toto ekri sou liv Fred la ak anpil atansyon. Atik la pase nètman akote san li pa vrèman di anyen ki serye de liv la. Yon atik sou yon liv pa yon latriye mo anlè.

    1) Yon atik sou yon liv sipoze bay enfòmasyon nesesè pou pemèt lektè yo sitiye liv la. Sa vle di, Kisa liv la ye? Eske se woman? Teyat? Pwezi? Esè, etc..? Pa gen pyès kote nan atik la ki di nan ki kategori literè liv la ye.

    2) Atik la pa pale de fon liv la.Tradisyonèlman, fon an se sa ekriven an oubyen powèt la ap pale de li a: (sa ki anndan liv la, signifye, tèm etc..)

    3) Atik la pa pale de fòm liv la, pa ekzanp: (vèsifikasyon, jan lirerè, figidestyl, pwosede retorik, tonalite, strikti liv la, strikti fraz yo, nivo oubyen rejis lang powèt la itilize a, ponktiyasyon, chan semantik, chan leksikal etc…)

    San nou pa rantre nan pil lòt aspè teknik ki genyen sou zafè atik ak etid literè, nou konstate ke Toto plis kontante l ekri pou voye pwòp tèt pa l monte. nou konstate tou ke majorite komantè k’ap fèt yo plis pale de Toto ke pou yo ta konsantre sou liv la nan li menm. Sa fè nou poze tèt nou anpil lòt kesyon toujou.

    Antouka, ekri yon atik sou yon liv se youn, konn kòman pou ekri l, s’on lòt afè.

    Jules Point du Jour
    Docteur ès lettres

  6. Wa di mo kap degrenngole, defile nan liv la, se moun kap mache nan Lazil vre. Bravo mèsye ! Nou fout fò vre. Antouka map tann ou Fred!

  7. Mwen pa konnen sise prefas liv la nou rele prezantasyon an; men mwen wè deskripsyon saa antre nan tout vant liv tankou prefas

  8. Mwen poko li okenn liv Fred. Men, mwen konnen Emmanuel Albert kòm profesè, jounalis popilè, ekriven gran stil ni an fransè ni an kreyòl. donk si Toto aksepte prezante liv Fred la, pa gen dout nan sa Fred se yon gwo ekriven. M’ pa kapab tann pou m’al Lazil pou mal verifye sa.

  9. Mr Fred poukisa ou pat tou parèt liv la ansanm ak prezantasyon pwofesè a.
    Mwen bezwen fin li istwa nèg ak pantalon sou déyè Emmanuel Albert ap rakonte nan: Ann al lazil la. M’bezwen fi n li istwa sa a.

  10. Congratulations, Fred! Keep up the good work.

  11. Bèl prezantasyon!

    Se kreyol sa a literati ayisyèn nan bezwen. Fraz dirèk, klè san charabia; mo presi, san fè pakèt devinèt pou konprann sa moun kap ekri a vle di. Bravo, Mèt Albert!

  12. Deskripsyon “Solèy ak nyaj” Pwofesè Albert fè-a kapab fè yon tablo datis kap vann pou ninpot milyon dola!!!

  13. “Mo timid ki antre kache nan fantjanm parantèz” WOW!!! Gade yon imaj kreyol! Bèl bagay!!!

  14. Si Emmanuel Albert (Toto) aksepte ekri nan yon liv, liv saa pafouti pabon. An al Lazil saa genlè se yon chedèv liye

  15. Roman saa gentan anonse lakoulè janm wè tout moun ap pale la-a. Antouka mwen menm tout map tann kopi pam nan osito kel soti. Atik Toto a gentan bèl , WOW!!!

  16. Prezantasyon sa-a mwen wè Toto fè sou liv sa-a, reprezante yon bèl Roman kreyol poukont pal!

  17. Map mande si tout moun mwen wè kap defile nan parad Toto ap dekria, eske yo tout ap nan: An al lazil vre?

  18. Prof. Emmanuel mwen renmen konn ekri kreyol menmjan avèw. Sepoutèt sa kou liv saa jan nan mwa desanm nan, misye Fred dia, map chache gen kopi pam .

  19. Lèm fin li atik sa-a Prof. Emmanuel Albert ekri-a, mpaka tann kilè pou liv sa-a soti poum ahtel poum ka wè mo kap defile douva je-m rantre Lazil. Monchè Fred map tann ou!!!

Leave a comment / Ecrire un commentaire

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: