Pierre Richard Narcisse – “Powèm mwen yo melanje foli, rèv ak reyalite”

Page de couvertureSe sa Fred Edson Lafortune di nou nan avanpwopo liv li a; e lè nou ouvè An n al Lazil, lè nou kòmanse li li, vè apre vè, estwòf apre estwòf, nou pa ka fè anyen ke konstate l : an verite se vre. Sèl sa rezèv nesesè otè a anpeche l di (e se wòl nou, prezantatè, pou nou ajoute l pou li), se nan ki entansite melanj lan fèt, ak ki cham, ak ki amoni melanj lan opere e ki tradui selon nou kapasite ak fòs yon vrè powèt.
Vin nou louvri, avèk emosyon ankò, powèm-flèv sa a. An n al Lazil, sa li ye an fèt ? Kisa ki konstitye sijè li ? Si m’ta pèmèt mwen fè yon rezime (etandone richès tèks la, li gen tout chans pase a kote) mwen ta di se yon envitasyon powèt la lanse yon moun li renmen (wi byenneme li) pou l’al dekouvri peyi danfans li, Lazil, yon minisipalite awondisman Ansavo, nan depatman Nip peyi d’Ayiti. Se yon elòj, si nou vle, de sa ki fonde richès sekrè zòn sa a, de sa ki fè li moun li ye jodi a, brèf de kilti ki konstitye li. Kidonk se yon vwayaj antisipe sou tout jwa posib k’ap tann yo (ou ki ta kapab tann yo, si…) e vwayaj sa a, admèt li, te ka chaje kliche, te ka pa pote anyen nouvo. Men anba plim Fred Edson Lafortune li vin yon fè primòdyal. Se alafwa dekouvèt yon kilti, sa kilti sa a reprezante pou li, ki konotasyon k’ap bouyi anndan l, e tranplen vè yon lòt bagay, vè lòt reyalite : entansite yon rèv pwofon li pa sispann pote nan kè l pou peyi ki akouche Lazil la : (m’ap pale de yon peyi krisifye, peyi Ayiti Toma) entansite yon lanmou enfini, ekstrawòdinè li pa sispann resanti pou envite vwayaj la, byenneme adore li a.
E kouman maji sa a opere ? Ouvè liv la, e n’a wè l nou menm. Pa gen yon mo nou konnen ki pa chanje sans, yon eleman kiltirèl ki pa sèvi tranplen a lòt bagay. Ki pa rezonnen yon lòt jan. Sèvi fenèt pou lòt vwayaj. E se sa k fè tout fòs rekèy la : transgresyon semantik mo nou abitye yo (sa ki abstrè vin konkrè, sa ki konkrè vin abstrè nan de imaj k’ap defye fontyè abityèl yo) e tou sa san l pa tonbe nan pyèj fasilite ak popilis tann literati kreyòl la : asanblaj mo vid (mo wonflan) ak fòlkloris. Men sa ki defini yon vrè powèt. Men sa ki fè An n al Lazil, atrape nou nan gagann, alapapòt, kontinye vibre nan tèt nou menm lè nou fin fèmen liv la e kondane a reziste a plis ke yon lekti.
Chwazi yon estwòf pou ilistre pawòl nou ? Se tout tèks la nèt, se vè apre vè pou n ta site alòs. E nou pito kite lektè a kòlte ak li, dekouvri maji sa a li menm. Se poutèt sa n’ap efase n vit devan tèks la, pandan n remèsye Fred Edson Lafortune yon milyèm fwa pou rekèy enspire sa a li ofri nou jodi a. Wi enspire ! Yon rekèy ki nan mitan tribilasyon peyi nou, vin ilistre yon fwa anplis kapasite veritab literati kreyòl la, e a kote yon bann bri esteril, vin pran plas li trankilman nan istwa literati nou !

Jean Pierre Richard Narcisse

Advertisements

About EchoCulture.org

Echo Culture, créée en juin 2011 à Providence, Rhode Island (USA), est une association haitienne d’échanges culturelles, apolitique et à but non lucratif. Elle a pour mission de promouvoir l’art et la culture à travers des manifestations culturelles comme la danse, le theatre, la peinture et la litterature.

Posted on 22 February 2014, in Creole poetry and tagged , . Bookmark the permalink. Leave a comment.

Leave a comment / Ecrire un commentaire

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: