An n al Lazil: Yon liv tout moun dwe li

Page de couvertureAn n al Lazil, se tit yon liv pwezi ki ekri pa Fred Edson Lafortune. Liv sa a pibliye nan Trilingual Press nan peyi Etazini. Se yon powèm-flèv ki genyen 112 paj. Se powèt Pierre Richard Narcisse ki fè prefas la.

Tout moun k’ap fè pwomosyon oubyen k’ap defann lang kreyòl Ayisyen an ap renmen goute liv sa a. Tout moun ki renmen pwezi ap pran plezi pou li liv sa a. Nou li l plis pase twa fwa deja, men sanble plis nou li l, plis nou gen apeti pou n li l ankò. Etandone richès liv la, nou chwazi pale de kèk aspè ki kapte atansyon nou kòm lektè.

An n al Lazil se yon bèl travay sou lang kreyòl la. Powèt la konn kijan pou l makònen epi marye mo yo ansanm pou fè yo pran fòm tankou li t’ap fè yon eskilti. Nan An n al Lazil, mo yo gen nanm, yo gen vi, yo danse yanvalou, rada, petwo, nago ak konpa manba. Mo yo pran tout kalite fòm, tout kalite koulè tankou powèt la se yon atis pent. Mo yo danse nan yon melodi yo menm ankò kreye:

« depi m pa tande vwa w

tout rèv senyen kou tifi yo vyole

nan foli fè laplanch

mwen pran kò w pou lanmè

yon ti kanal pou bato kè m » (paj 95)

Nan An n al Lazil, mo yo kouri, yo pyafe, yo vòltije, yo pale, yo depale, yo jwe jon, yo jwe vyolon nan yon mizik ki karese zòrèy nenpòt moun k’ap tande oubyen k’ap li:

« si w al avè m cheri

ma pran cheve w pou dra blan

lè vwazinay pa la » (paj 31)

Yon envitasyon ki gen plizyè fòm ak dimansyon

An n al Lazil, se yon envitasyon powèt la fè yon moun ke li renmen pou al dekouvri Lazil, kote souvni danfans li kache, kote l sere sekrè foli l. Liv la kòmanse avèk yon mank, yon absans. Kòmsi moun powèt la ap envite pou fè vwayaj la pa la:

« tout batan pòt fèmen sou douvanjou

depi lè w pati

yon gwo pwela pandje sou fenèt mwen

isit pa gen solèy

pa gen bonjou

isit pa gen lanmou

pa gen je dou

chak fwa lannuit pwente

mwen panse avè w… » (paj 13)

Lè nou chache fouye dekòtike liv la, nou jwenn imaj ki epapiye, ki simaye toupatou. Imaj ki tradui absans oubyen nostalji powèt la genyen pou lakay li, peyi danfans li. Absans yon peyi. Absans yon kilti:

« isit pa gen djondjon

pa gen chanmchanm

isit pa gen bwapen

pa gen sakpay

tout batan pòt s’on tren ki pa kanpe

yon bil ki pa peye… » (paj 14)

Yon envitasyon pou rebwaze yon peyi k’ap depafini. Yon envitasyon pou mete fen ak lamizè:

« … n’a plante pye bwa

pou n rebwaze mòn makwaf

n’a rara tè

ede peyizan yo plante ankò » (paj 90)

Lè nou li pi lwen toujou nan liv la, nou jwenn plizyè vwa, plizyè antite, fò w ta di powèt la se doub li, oubyen pwòp tèt li, l’ap envite pou fè vwayaj la:

« mwen ak doub mwen

s’on ti zile

se rès yon kontinan k’ap gagari lanmè » (paj 14)

« … lakay pa janm kite m

se la mwen ak doub mwen soti

se la mwen ak doub mwen rete » (paj 15)

Pafwa, envitasyon an lanse ak yon antite k’ap viv nan yon lòt monn. Nan yon lòt espas-tan. Nan yon lòt dimansyon:

« Nan mitan espas

ki separe m avè w

w’ap vwayaje nan yon tinèl limyè

yon mouchwa blan an bandoulyè

w’ap jwe ak silans lannuit

kote vwa k’ap fredonnen chante lanmou

s’on lòt monn moun pa ka wè » (paj 60)

Pafwa nou gen lenpresyon ke moun sa a oubyen antite sa a powèt la ap envite a pa ekziste ankò:

« non w vòltije pasipala

tanbou frape nan bitasyon

yon flè pouse nan demanbre

ou ale sanzatann

mò sibit

o! lanmò kite yon ma dlo

sou popyè lavi

o! tout ma dlo sou popyè

se lizyè ki separe lanmò ak lavi » (paj 60)

Yon liv ki gen plizyè tèm

Gen plizyè tèm ki parèt nan An n al Lazil, men tèm prensipal yo se: vwayaj, mank, separasyon, espas-tan, lanmò ak lanmou. Se tèm sa yo ak yon pakèt lòt ki fè bèlte ak richès liv la. An n al Lazil montre kapasite lang kreyòl la genyen pou fè yon pwezi ki solid, san tonbe nan voye monte, fasilite, popilis ak fòlkloris. Se fason powèt la ajanse mo yo ki fè fòs liv la. Pa gen yon ti detay nan lanati ki gen chans chape anba plim Fred Lafortune, soti nan ti fomi fou sou fèy bwa rive jouk nan kochma linivè:

« m’ap kouri san kalson

yon eklips pandje nan kou m

lè kò nou fè nofraj

nan transpò foli lavi » (paj 42)

Tan an se yon tèm ki parèt plizyè fwa nan liv la. Se sa ki fè liv la gen yon dimansyon filozofik. Metafizik:

« kisa ki la ki pa nan yon espas ak yon tan ?

Kisa ki pa la ki la » (paj 32)

« tout tan fini nan enfini yon lòt tan

non

tan an pa ni fini ni enfini

non

pa gen tan ki pa letènite » (paj 73)

Yon powèt mistik

Fred Edson Lafortune se yon powèt espirityèl. Mistik. Li melanje foli, rèv ak reyalite. Se sa ki fè An n al Lazil se yon liv ki gen plizyè dimansyon. Toupatou nan liv la, nou jwenn plizyè estwòf ki sanble ak yon envokasyon, yon transandans, yon dedoubleman, yon fòmil majik, yon lapriyè:

« sèt ponyen pwav

yon nich gèp

twa wa

twa dam

twa vyèj dou » (paj 33)

« Twa zanj femèl

sèt chakra

yon piramid

yon boul je » (paj 98)

Pafwa, sans mistik la parèt sou lòt fòm, fòk ou chache, fouye, pou rive konprann sa powèt la vle di:

« a! Sekrè ma dlo s’on tabliye

fèy akasya lonbray rèv lòm » (paj 63)

Yon powèt inivèsèl

Powèt la pran tout sa li jwenn nan la nati, li ba yo fòm, li ede yo chak jwe yon patisyon pou ede lang kreyòl la taye banda, fè bòzò, fè chelbè tankou yon demwazèl ki pral marye. An n al Lazil gen yon pouvwa ipnotik. Li transpòte tout moun k’ap li powèm yo Lazil. Menm moun ki pa janm al Lazil gen chans pou yo ale. Ou mèt chita sou yon dodin lakay ou, ou ka gen tan rive Lazil je klè pandan w’ap feyte Liv la. An n al Lazil gen yon dimansyon inivèsèl. Pafwa, powèt la mennen w nan lòt peyi, nan lòt kilti:

« … lè tout matadò kite korida

kite koridò » (paj 92)

Nan An n al Lazil, inivèsalite a parèt sou plizyè fòm:

« lemonn s’on majigridi

sèt milya kretyen vivan

sèt milya djòl gran louvri…» (paj 61)

An n al Lazil soti anba plim Fred Lafortune, men ou ta di se vwa tout moun, se vwa tout pèp k’ap pale ladann pou eksprime santiman yo. Santiman revolisyon k’ap dòmi depi yon bon bout tan, ki kase chenn baryè silans. Santiman lanmou, nostalji, foli ki marinen ak aspirasyon tout moun ki koupe fache ak rasin zantray:

« a! Tout kote nan powèm nan

lazil se gout san pèp aprè revolisyon » (paj 54)

An n al Lazil pote souvni tan lontan ak avanyè. Lè w’ap li liv la, w’ap sonje yon moman, yon bagay byen espesyal ki t’ap dewoule pandan ou te yon kote an Ayiti ap fè yon bagay byen espesyal, menm si se yon istwa ki te kòmanse fennen nan memwa w. Nou savoure An n al Lazil avèk apeti tankou yon bon moso griyo ki fri nan yon chodyè sou twa wòch dife. An n al Lazil fè nou santi n chita bò yon plaj, anba yon solèy twopical ap tande mizik twoubadou pandan n’ap manje lanbi, bwè dlo kokoye. An n al Lazil fè nou tande zwazo k’ap chante nan maten douvanjou. Li fè nou tande vwa timoun k’ap benyen, tire lobe nan larivyè, fè lago nan lalin klè, tire kont anba tonèl pay kokoye.

Yon liv tout moun dwe li

An n al Lazil s’on bèl travay sou lang kreyòl la. Se yon kokennchenn fèt imaj, estilistik ak estetik. Pa gen pyès imaj ki gratis nan liv la. Pafwa, powèt la itilize aliterasyon oubyen asonans kòm imaj pou l jwe ak son mo yo:

« gen tan ki tante kite tan… » (paj 45)

Pafwa tou, pou l jwe ak mo yo, li itilize antanaklaz ki se itilizasyon menm mo a nan 2 sans diferan:

« … mwen panse avè w

jan m panse maleng nan pye m » (paj 53)

Chak “panse” sa yo gen yon sans diferan. Nou jwenn anpil lòt vè kote powèt la itilize menm imaj sa a:

« tande valè kout vaksin

k’ap tann wòb ou tann bò rivyè » (paj 21)

Chak “tann” sa yo tou gen yon sans diferan. Premye “tann” nan gen sans tan k’ap pase. Alòske dezyèm “tann” nan gen sans rad ki tann.

Pou latriye ak kantite imaj k’ap fè bèbèl nan liv sa a, pou n ta kontinye analiz nou, se yon lòt liv pou n ta ekri. Fred Lafortune kite wout la tou louvri pou tout moun, tout lektè, tout kritik ki ta renmen ale Lazil, al eksplore yon monn ektraòdinè ke sèl foli, lanmou, ak pwezi ka fè w viv. Ann al Lazil, se yon pwezi ki alamòd. Modèn. Se pa yon liv ou ka li trapde, brid sou kou, detan twamouvman, tankou yon chen fou. Se yon liv pou pran tan pou degiste, pou dijere tankou yon dous makòs, yon kowosòl, yon doukounou, yon dous kokoye, yon bonbon siwo, yon konparèt…

Nou ankouraje tout moun pou li An n al Lazil. Se yon liv tout timoun lekòl, etidyan, pwofesè ak moun k’ap fè rechèch sou lang kreyòl Ayisyen an dwe li. Se yon liv ki ta dwe rantre nan pogram, kou ak etid literati an Ayiti.

Nou felisite powèt la pou talan l, epi nou ankouraje l pou l kontinye ekri. Fèt la poko fini. Tout mizik ak divètisman toujou la, an n al Lazil.

Meritès Abelard

Pwofesè nan Johnson and Wales University

Rhode Island (USA)

Advertisements

About EchoCulture.org

Echo Culture, créée en juin 2011 à Providence, Rhode Island (USA), est une association haitienne d’échanges culturelles, apolitique et à but non lucratif. Elle a pour mission de promouvoir l’art et la culture à travers des manifestations culturelles comme la danse, le theatre, la peinture et la litterature.

Posted on 11 June 2014, in Creole poetry and tagged , , , , , , , , , , . Bookmark the permalink. Leave a comment.

Leave a comment / Ecrire un commentaire

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: