DYASPORA DYASPORA, ALA REMÒ

Pa Jean Dany Joachim

Alaverite, reyalite sa a pa yon mistè paske gen tout kalite sitiyasyon ki fè kèk fwa Ayisyen fanm kou gason, jenn kou granmoun oblije pati kite peyi a pou al kontinye lavi sou yon tè etranje. Se yon verite difisil pou anpil pèp sou latè ki pa gen pou wè sèlman avèk Ayisyen. Depi kòmansman limanite moun ap bouje, moun ap fè alevini, travèse fwontyè nan kat kwen kadino planèt la. Moun pati, moun tounen ! Moun pati, moun rete ! Sa toujou gen rapò avèk sikonstans chak ka endividyèlman: ki rezon ki te motive yo pati, ki rezon ki fè yo deside tounen lakay, osnon ki rezon ki fè yo oblije rete nan peyi kote yo tonbe a.

Lè nou foure je nou yon ti kras nan paj listwa n antan ke pèp, nou ka konstate ke pati kite peyi a, se pa yon fenomèn ki te kòmanse konsa konsa. Kiltirèlman, nou se yon ras moun ki an jeneral gen anpil atachman ak kote nou fèt. Mo tankou bitasyon, natif natal, moun vini ak kòd lonbrit gen yon sans espesyal nan lang kreyòl nou an, kote yo montre enpòtans nou bay nan rapò nou avèk kominote kote nou soti. Nan menm lide sa a, gen lòt aspè nan langaj nou ki eksplike sa ankò pi byen, pa ekzanp nosyon tankou: moun nan nò, moun nan sid, moun platosantral, moun kafou, moun senkyèm avni, moun Dedin, moun ansafolè, Jakmèl, eksetera… Kididonk, se yon bagay ki klè ke Ayisyen an jeneral pa pran kote li soti alalejè. Moun pa leve konsa konsa kite fondasyon yo pou al replante tèt yo yon lòt kote antan ke moun vini. De jenerasyon an jenerasyon tout moun toujou evolye nan kanton yo, sof pou sitiyasyon vin Pòtoprens lan ki se yon lòt pwoblèm, konplètman diferan. Pwovèb la di: Kote yo pa konnen w, yo rele w moun sa a.

Se nan zòn kòmansman ane mil nèf san yo, pi espesyalman pandan peryòd lè gouvènman Ameriken te vin okipe peyi a pou lapremyè fwa a (1914 -1945), peyizan ayisyen te kòmanse pati al chache travay nan chan kann peyi Kiba. Yon ti kras pita, peyizan te pran pati pa pakèt pou plantasyon kann nan peyi Sendomeng. Apre sa, vè zòn lane mil nèf san senkant ak swasant yo, se pa t peyizan ase ki t ap pati. Nou jwenn yon gwo pousantaj nan klas entèlektyèl peyi a ki sou presyon ensekirite politik te kòmanse kraze rak pou peyi: Etazini, Kanada, Lafrans, kèk lòt peyi ewopeyen ak afriken. Apre sa, enpe pi devan nou te jwenn kèk peyizan ak yon lòt kouch moun nan sosyete a ki pa t gen twòp fòmasyon lekòl, ki pa t gen twòp mwayen lajan, ki te kòmanse pran wout ti zantiy yo (Matinik, Baamas, Kiraso, Gwadloup), eksetera. Finalman, nan ane katreven yo, se te yon debandad total kote fenomèn kanntè a te fè kenken nan tout kwen peyi a. Tout kalite moun t ap pati, moun tout sektè, moun tout nivo.

Nanpwen vrèman nesesite pou fè twòp deba sou kesyon an, paske li klè kou dlo sous ke kòz fondalnatal tout mouvman pati sa yo gen pou wè ak yon bagay byen fondamantal: Se echèk lavi ekonomik peyi a, ak echèk politik tout gouvènman depi dikdantan yo jouk ka jounen jodi a ki kreye plas pou sitiyasyon sa a ka rive. Peyizan blije pati al dekouvri lavi di nan plantasyon kann ak travay domestik nan lòt peyi, se paske yo fin pèdi tout espwa apre echèk sou echèk nan travay latè ki pa rapòte yo anyen. Enpitou, yo pa janm rive jwenn okenn ankadreman nan men pyès enstitisyon leta nan peyi a pou soutni yo. Nan menm kontèks sa a, nou konstate tou ke majorite sèvo ak entèlektyèl peyi a, moun byen prepare ki ta pou ap travay pou avansman lakay yo, yo twouve yo ekzile oubyen kouri janbe fil anba chal pou chape poul yo anba fewosite diktati papa Dòk la. Se nan peryòd sa a patikilyèman pifò pwofesè, doktè, avoka, enjenyè, jounalis, ekriven peyi a te fè wout pou peyi etranje. Yon pèt total kapital. Yon katastwòf san reparasyon pou peyi a. Yon kokenn chay dilèm tou pou sitwayen sa yo, paske se kèk ladan yo ki konn gen chans pou travay sou pwofesyon yo nan peyi kote yo tonbe a, men rès majorite a, trè souven oblije pran nenpòt kalite ti dyòb pou siviv nan yon premye tan.

Pa gen pesòn ki pa ta renmen ret paweze lakay li. Si sa te bon, pèp ayisyen an premye pa t ap kite peyi l sof pou vakans oubyen lòt eksperyans menm jan ak lòt pèp lòt nasyon kote sa bon yo. Yon peyi d Ayiti ki pwòp, yon peyi d Ayiti ki pa kouvri anba vwal lamizè, yon peyi d Ayiti ki san ensekirite politik sou kat visit li, yon peyi d Ayiti k ap sipòte edikasyon pou tout pitit li yo, se t ap yon ti moso paradi sou latè. Menm jan moun ki gen mwayen yo, kèlkeswa mabyal sitiyasyon an mabyal nan peyi a, yo toujou òganize yo pou yo pa fè tennfas la, anpil lòt sitwayen ki ta gen menm opòtinite yo pa t ap janm chwazi pou pati. Fòk yon moun pa ta byen nan tèt li sèl pou l ta kite peyi l ki byen trankil, byen pezib, enpi pou l al triminen nan lavi rèd lòt kote.

Nan ka pa m, se aksidan lavi ki te lage m nan dyaspora a. Mwen pa t pran desizyon yon bon jou pou m te bay peyi m do. Mwen te chita sou tèt lavi m nan epòk sa a kote sitisyasyon mwen pa t janm imajine ta pral kilbite m nan peyi etranje. Mwen te jenn gason. Mwen te aktè sou sèn teyat. Mwen te gen travay. Mwen te ka sikile toupatou nan peyi m. Mwen te gwo jwè echèk. Mwen te etidyan nan inivèsite. Mwen te konekte ak yon katafal zanmi ki te kwè tout bon vre nan avni peyi a. Pa t gen pati pou okenn nan nou, pou al nan pyès peyi etranje, sitou ke gen lòt moun nan sezon sa a se tounen yo t ap retounen.

Menm jan mo sa a koule fasil fasil nan bouch lèzòt ak bouch medizan malpalan yo, koze dyaspora a pa yon ti zafè konsa konsa. Se youn nan gwo sitiyasyon difisil anpil pèp sou latè, pa sèlman Ayisyen oblije konfwonte. Anpil fwa, sikonstans dilèm sa a konn abouti sou gwo trajedi. Se pa yon sitiyasyon ki senp lè lavi yon moun chanje brid sou kou, pou l kouri kite yon peyi pou l al kontinye viv nan yon lòt san okennn preparasyon. Gen anpil konsekans emosyonèl ak sikolojik trè grav pou moun ki pa rive adapte yo byen nan sitiyasyon sa a. Sa konn lakòz gen de fwa yon seri de pwoblèm ki trouble yon fanmi pandan plizyè jenerasyon. Mwen panse li lè, enpitou li enpòtan pou gen yon travay fòmasyon ki fèt bò lakay pa nou, pou pwopoze yon lòt apwòch sou ki jan nou kontinye gade moun sa yo nou rele dyaspora a. Enfòmasyon pa janm touye pèson, lèfini se devwa tout nasyon ki vle respekte tèt li pou envesti nan edikasyon pèp lakay li sou kèlkeswa sijè a.

Se anpil ekzijans adaptasyon sosyal ak ekzijans familyal nan peyi yon moun ap evolye a ki fè anpil fwa li nesesè pou li vin sitwayen nan peyi sa a. Sa pa vle di jamè moun sa a te chwazi pou li pa t Ayisyen ankò, alòske bò lakay, nan kontinyasyon echèk politik yon gouvènman apre yon lòt gouvènman an, yo fè sitiyasyon sa a vin tounen yon kwa malediksyon pou sitwayen sa a ki sèl peche li fè se mete l opa avèk ekzijans lavi nan peyi kote l ap viv la. Pwòp peyi kote li te fèt la mete l o renka. Yo fè l tounen yon senkyèm kolòn. Yo pa rekonèt li kòm sitwayen ankò; se sa lalwa peyi a di. Paspò ayisyen an pa valab pou moun sa a ankò paske menm lalwa sa a, nan peyi kote kòd lonbrit li antere a dekrete li pa sitwayen. Enpitou, lis la kontinye pi plis ankò lè nou kontinye fouye zo nan kalalou, nou jwenn tout lòt kalite entèdiksyon ankò ki izole moun sa yo pi plis pi plis sou tout laliy. Ala remò !

Ki vrè wòl lwa sa yo jwe tout bon vre pou peyi a ? Alaverite, si nou byen gade, atitid sa a, se yon ekzaksyon regadan, san moral, ki pa fonde sou okenn prensip objektif. Li regretan anpil paske Ayisyen natif natal sa yo ki twouve yo ap viv nan peyi etranje yo, kèlkeswa grad ekstrawòdinè yo ta rive genyen nan sosyete kote yo ye a, menm si yo ta vle, yo pa fouti efase orijin ayisyen yo an. Yo pa gen chwa sa a. Lèfini tou, nou pa ka kontinye ap bay tèt nou manti paske lè youn ladan yo manke fè yon fo pa se tout peyi d Ayiti ki bite ansanm avèk yo nan je lasosyete mondyal la. Pa ekzanp, lè bato gadkòt Ameriken remoke sou lanmè yon batiman kanntè Ayisyen pou al lage tout konpatriyòt yo nan prizon anvan yo pimpe yo Pòtoprens, se tout dyaspora ayisyen an nan peyi a ki sèvi kòm referans pou sitiyasyon sa a, san okenn distenksyon. Kèlkeswa yon moun t ap viv nan peyi a depi ven, trant, osnon karantan, se kòmkwa ou te youn nan moun ki te nan bato kanntè sa a devan je lemonn ak tout sosyete isit la. Yo anpile yo tout nan menm bwat sadin nan. Alòske se menm jan an tou, lè youn nan Ayisyen dyaspora sa yo reyalize yon bagay enpòtan, lè youn ladan yo vin selèb tankou madam Michaelle Jean ki te gouvènè jeneral peyi Kanada, tankou ekriven Dany Laferrière ke yo nommen manm Akademi Fransèz, tankou ekriven Edwidge Danticat lè li resevwa plizyè gwo kokennchen onè pou literati nan peyi Etazini, tankou yon pakèt lòt sitwayen ankò k ap briye nan anpil lòt kalite fonksyon enpòtan toupatou nan lemonn…, lè konsa, se tout peyi d Ayiti ki bonbe lestomak li pou pran ochan pou yon pitit vant li ki reyalize yon gwo eksplwa lòtbò dlo. Jiskaprezan tout sa montre ke lalwa ki retire dwa sitwayen nan men prèske 2 milyon pitit vant peyi a ka p viv nan peyi etranje yo se yon trezaksyon ipokrit ki san lojik.

Enpitou, si nou ta vle konsidere kesyon an sou yon plan ekonomik sèlman, pou jan relasyon ant Ayisiyen lòtbò dlo yo ak Ayisyen lakay yo enpòtan pou peyi d Ayiti nou wè klè ke li pa fè sans pou gwoup moun sa yo pa kontinye gen dwa ak tout diyite sitwayen yo. Menm lè youn nan Ayisyen aletranje sa yo sipòte yon manm nan fanmi l ki an Ayiti ak yon ti tyotyo chak mwa osnon kèk fwa nan yon ane, se tout peyi a ki benefisye sou plan sa a paske sa jwe yon wòl enpòtan nan kesyon ekonomi nasyonal la. Dyaspora a se yon mendèv Ayisyen ki toupatou nan lemonn k ap ponpe san rete yon kontribisyon pozitif nan lavi ekonomik peyi a. Li kareman pa posib pou lalwa menm peyi sa a kontinye fèmen je l sou yon reyalite enpòtan konsa. Moun sa yo, Ayisyen sa yo, dyaspora sa yo pa reyèlman senkyèm kolòn.

An reyalite, nou pa ka janm di jamè jamè pou anyen nan lavi sa a sitou bò lakay pa nou. Eksperyans montre nou ke nenpòt kalite bagay ka pase nenpòt ki lè. Li byen posib yon bon jou gen kèk reyalite espeyal pou enterè espesyal nasyon an, ak tout sitwayen k ap viv ladan l yo ansanm ak tout pitit li yo ki toupatou sou planèt la ki ta fè ke yon lwa konsa rive rantre an aplikasyon ak tout valè l. E menm lè sa a tou, fòk se ta yon bagay ki fèt kòmsadwatèt, san fo kout zo, san tou nan manch. Pa ekzanp, fòk yo ta mete sijè a devan tribinal pèp la, bay chak sitwayen chans li san presyon, san magouy pou fè chwa l selon konprann li, selon konsyans li. Lè sa a, l ap klè pou tout moun kèlkeswa bò rezilta a ta sòti a, pyès gwoup moun p ap pèdi diyite l nan pwosès la. Enpitou, p ap gen okenn remò.

Jean Dany Joachim ap viv nan vil Cambridge Massachusetts.

Li travay nan Bunker Hill community College.

Misye ekri pwezi, istwa, ak pyès teyat.

Li dirije yon pwogram prezantasyon lekti ki rele City Night Readings Series.

Advertisements

About EchoCulture.org

Echo Culture, créée en juin 2011 à Providence, Rhode Island (USA), est une association haitienne d’échanges culturelles, apolitique et à but non lucratif. Elle a pour mission de promouvoir l’art et la culture à travers des manifestations culturelles comme la danse, le theatre, la peinture et la litterature.

Posted on 3 September 2014, in Creole poetry, Records and tagged . Bookmark the permalink. Leave a comment.

Leave a comment / Ecrire un commentaire

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: