An n al Lazil

Avètisman

 Page de couvertureSa fè lontan, tèlman lontan, si mwen pa pèdi memwa, ke mwen renmen pwezi. Yon lanmou ki te anvayi lespri m depi lè m te tou piti. Piblikasyon premye powèm mwen yo te tankou yon goutyè lapli, yon dènye gout dlo lè yon moun vrèman swaf. Powèm sa yo te marinen, makònen, epi antòtye ak premye eksperyans mwen kòm powèt. Eksperyans ki soti nan rankont epi fè deba brase lide ak lòt powèt, li anpil liv ki, yo menm, te tankou yon bann mouvman, yon latriye fòm, imaj ak lonbray, w’a di premye lanmou vag lanmè nan lonbray lakansyèl. Se sa ki fè mwen moun mwen ye jodia.

 Chak fwa m’ap pale de pwezi, mwen toujou pale de manman m. Se li menm ki, depi m te tou piti, te kòmanse antre m nan foli mo yo. Dousè yo. Doulè yo. Li te fè m aprann yon bann powèm pou m te resite nan legliz. Se gras avèk li ke mwen te kòmanse renmen pwezi. Pou mwen, pwezi s’on kalfou kote monn lan rankontre ak tout sivilizasyon. Pwezi ka fòme, defòme, transfòme epi bay sans ak monn lan.Chak powèm s’on monn nan li menm. Yon espas pou nou chache konprann tèt nou, epi rapò ke nou genyen ak tout sa ki antoure nou.

Tankou plaj k’ap chache premye lanmou vag lanmè nan lonbray lakansyèl, pwezi antre nan lavi m epi fè yon sèl avè m. Mwen li tout kalite liv. Men liv ki tache nan souvni m se Bib la. Depi tou piti, mwen te konn kache nan Bib la jan dayiva kache nan fon lanmè. Mwen te aprann resite pakè yon latriye vèsè ki te, epi ki toujou rete yon gid pou mwen: «Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou nou obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye / Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l / Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè ». (Efezyen: 6 vèsè 1- 4)

Powèm mwen yo melanje foli, rèv ak reyalite. Se yon konplisite ant mizik, dans, espastan, pwoblèm ekzistansyèl ak bagay espirityèl. Mwen itilize yon tèm tankou lanmou kòm metafò. Yon imaj. Se yon espas kote tout sa ki la pa la. Oubyen tout sa ki pa la pa la. Yon sòt de anyen ki pa anyen.

Powèm mwen yo se vwayaj. Yon vwayaj ki konplètman imajinè. Vwayaje lòt bò vibrasyon tan an pou m jwenn yon lòt mwen menm. Yon lòt espastan. Tout vwayaj se foli. Twa sezon pase deja, prentan an prèske pwente, an n al Lazil…

 Fred Edson Lafortune

  1. Map travay pou Bklyn Public Library nan NY, sa fè 6 zan deja keu mwen kòmanse ranmase liv neuf ak usaje en français ak kreyòl keu travay la banmwen kòm don, anpil ekriven tankou Danny L., E. Danticat ak Margareth Papillon banm konsèy ak anpil liv neuf, pi gwo pwoblèm mwen C lokal la, M. papillon te konseye’m kòmanse ak yon bibliyotèk anbilan, gen sa anpil en Italie, mwen wè anpil model. Merçi davans pou kolaborasyon ou, ma fè’w konnen.

  2. Sa te fèm tris ke mwen pat gentan al Lazil pandan sejou mwen an Ayiti an 2012…mwen ta renmen benyen ankor nan dlo Maro,monte milèt poum ale Bellevue poum te pote ti nouvèl bay manman’m…..Mwen espere repare sa pou pwochen sejou mwen, epi mwen ta renmen mete yon bibliyotèk Lazil, se yon rèv ki nan kèm e map reyalize li kanmenm !!!!

Leave a comment / Ecrire un commentaire