Blog Archives
Mwen pa defèt anyen
Souvni-w kwoke nan chanm lan
Kou yon bato ki chwe abò rivay
Avèk regrè kaptenn doulè dayiva
Mwen pa defèt foto-w
M’pa defèt solèy
M’pa defèt lodè-w
Bri kò-w pou mizik kè-m
Mwen pa defèt rèv
Pou istwa-n pa gen fòs kote
Pou istwa-n pa gen fòs kote
Ojis mwen pa defèt anyen
Pierre Moise Celestin (In Kapital chèdpoul)