Blog Archives

Goodbye Newport


yon vag lanmè
kole sou je m
yon bann timoun souri ba li
yon sèvolan vole nan syèl
yon plòtonn fil bobin lanmou

yon bann ti kay lòt bò rivaj
tankou djondjon nan fon rak bwa
mwen jouke nanm mwen nan fon dlo
çhapo m tonbe nan fon lanmè

mwen bliye kè m bò kot Joanne
tout flè Newport fè jalouzi
yon bann koulè nan galrida
yon bann penso sou wout lanmou

aplodisman jekwazandye
yon kout twompèt plezi gaye
yon kòd gita san batistè
yon bann rara lakontantman

pati byen lwen kite foli
kouri byen lwen kite souvni
de ti lèzanj ap fè lago
kite mak pye sou sab lanmè

van an vante fò lapli pare
sab grafonyen koki lanmè
nòde pran lang tout dayiva
tout rèv pechè vin pachiman

kite Newport ak dlo nan je
chagren nan kè m tout flè fennen
tan an charye rèl mwen sou bodmè
yon jou ankò na rankontre

Fred Edson Lafortune, Newport, Rhode Island