Blog Archives

Lavi s’on kanaval


Dikton tounen chanson: Lavi s’on kanaval!

Verite sou tanbou. Ren tout moun brase vire won

Tankou toupi ki gen lapipi. Kò tout moun

Ap balanse kadanse defile, tankou bobin fil

K’ap souke debobine kloutoup kloutap

Nan machinakoud machann pakoti. Doulè lapenn degize.

Pwoblèm maladi akrekre fade, maske. Tout adipwopo

Kraze rak al defile pran plezi anchantan andansan.

Pa gen demake kache, repete touba: « di m pa la ».

Tout dèt efase. Pa bay tèt ou pwoblèm. Nan moman sa a

Katje te mèt kontre. N’ap pyafe danse san kè sote, san dlo nan je.

Nan lodè tafia, tout mak, tout degre, madigra mele ak bonmas,

Marengwen ap vole ou pa konn sak mal sak fè mal.

Pou sèlman detwa jou,  plezi gaye, reyalite degize je bande an janm debwa.

Tout bagay melanje n’on tyaka tyak galimatya atyaka adyanoumele

Tankou kolye grenn tyatya kandyanwou. Nou mele vre!

Demen, menm aprèdmen  pou kantite soulye ki te gaye nan danse

Fòk nou degaje n jwenn parèy grenn depaman n’kenbe nan men nou an.

Doulè. Lapenn. Pwoblèm. Privasyon. Maladi pa degize tout tan

Paske lavi konn nan kanaval, men lavi pa yon kanaval.

Aprè dans tanbou lou, lè je reyalite debande,

L’ap kanpe anfas ou ap gade w nan je.

Pa kenbe prensip‘Carpe Diem’ yon sèl bò. S’on kouto debò.

Demen gen pa l. Wi!  Men, demen, bounda  chodyè w

Kapab ret frèt n’on fwaye dife san flanm.

Bese vante, vante, se sanndife ka voltije gaye, met dlo nan je w.

Anyen, pa chanje!

 

Emmanuel Albert (Toto)

Yon gran pent filozòf


Avèk yon senp koulè vèt fèy bannann, yon gran pent filozòf

Reyalize yon michan tablo mo ki klere briye nan tout sans.

M’gen chans genyen l koke jiskounye a nan panno lespri m.

Li mete yon ti nòt ak yon koulè dore anba tablo sa a li di:

“Ke se nan literati, ke se nan penti, kèlkeswa nan sa wap pwodui a

Toujou kite ide yo sòti anndan w, jouk byen fon  anndan w.

Ide sa yo kap ponpe jayi soti anndan w se toujou direksyon monte,

Monte piwo yo pran. Yo konn lawout, yo konn mache, y’ap fofile

Monte hise èvda  ou pwodui a n’on wotè orijinalite ak siksè

Moun ka chache imite, men, y’ap gen difikilte pou yo depase.”

Lemond gen 7 milya tèt kap panse jodia. E, pita piplis. Pita pi tris

Milya, milya tèt avèk ide nèf k’ap grate,sable poli vèni lavi

Fè l vi n lis, swa klere n’on bèl mozayik koulè. Milya tèt

Ak ide k’ap vire sikile kwaze , yo chak avèk fòm orijinalite pa yo.

Genyen tou se ide ki depaman tètanba, genyen ki degrenngòch awouya

Genyen ladan yo, yo maske degize pou fè lamayòt tounen reyalite,

Pou fè la verite pè avwe kiyès li ye, fè l  kouri brete al kache.

Lèzòm klase tout bagay n’on kategori, n’on lekòl, n’on klas, n’on ras:

Moun anwo moun anba, lekòl dègriyo lekòl womantik

Pent nayif pent reyalis, moun lavil moun andeyò, ras nwa ras blanch

Yo fè foto lavi en nwa e blan. Tikras melanin! Twòp melanin!

Kot siperyorite a ye la a ? Lacho blan, se vre, men li pa lèt pou sa.

Pèsonn paka di li janm wè yon po moun koulè blan.

Lamayòt tounen reyalite. kiyès, nèg yo ap chache pete la a ?

Se krityen vivan, èt umen nou ye, kabrit tomazo menm plim menm plimaj

Pòdpè. Kòdfè .Sòti Beladè pase Baradè nou diferan, men, nou sanble.

Peyizan an rete atache a tout sa k’natirèl. Li rete andeyò.

Andeyò tout konplikasyon, tout diskriminasyon moun lavil mete nan lavi l:

Yap fè foli pou dlo nan boutèy, peyizan li menm ale alasous.

Yo tann laboratwa chimi fè kinin pou konbat lafyèv, limenm l’al pran l

Nan asowosi a dirèk. Ladous ki vyen kenèp li jwenn tout vitamin li nan manje

Fwi mi ak fèy vèt lakou lakay. Maladi kè, kansè li rezoud sa ak joumou, lamveritab.

Se gran pent filosòf Nixon Léger ki gen rezon.

Natirèl, original se sa ki kreye bote tout èvda,

Fè yo rete vivan tout tan gen tan.

Yo pa janm kab depase. Yo pap janm trepase demode.

Nan fòm panse: Kite anndan w bwode anbeli reyalite san w pa kopye

Se yon Nixonis mwen vle ye!

Emmanuel  Albert  (Toto)