Blog Archives

Yon gran pent filozòf


Avèk yon senp koulè vèt fèy bannann, yon gran pent filozòf

Reyalize yon michan tablo mo ki klere briye nan tout sans.

M’gen chans genyen l koke jiskounye a nan panno lespri m.

Li mete yon ti nòt ak yon koulè dore anba tablo sa a li di:

“Ke se nan literati, ke se nan penti, kèlkeswa nan sa wap pwodui a

Toujou kite ide yo sòti anndan w, jouk byen fon  anndan w.

Ide sa yo kap ponpe jayi soti anndan w se toujou direksyon monte,

Monte piwo yo pran. Yo konn lawout, yo konn mache, y’ap fofile

Monte hise èvda  ou pwodui a n’on wotè orijinalite ak siksè

Moun ka chache imite, men, y’ap gen difikilte pou yo depase.”

Lemond gen 7 milya tèt kap panse jodia. E, pita piplis. Pita pi tris

Milya, milya tèt avèk ide nèf k’ap grate,sable poli vèni lavi

Fè l vi n lis, swa klere n’on bèl mozayik koulè. Milya tèt

Ak ide k’ap vire sikile kwaze , yo chak avèk fòm orijinalite pa yo.

Genyen tou se ide ki depaman tètanba, genyen ki degrenngòch awouya

Genyen ladan yo, yo maske degize pou fè lamayòt tounen reyalite,

Pou fè la verite pè avwe kiyès li ye, fè l  kouri brete al kache.

Lèzòm klase tout bagay n’on kategori, n’on lekòl, n’on klas, n’on ras:

Moun anwo moun anba, lekòl dègriyo lekòl womantik

Pent nayif pent reyalis, moun lavil moun andeyò, ras nwa ras blanch

Yo fè foto lavi en nwa e blan. Tikras melanin! Twòp melanin!

Kot siperyorite a ye la a ? Lacho blan, se vre, men li pa lèt pou sa.

Pèsonn paka di li janm wè yon po moun koulè blan.

Lamayòt tounen reyalite. kiyès, nèg yo ap chache pete la a ?

Se krityen vivan, èt umen nou ye, kabrit tomazo menm plim menm plimaj

Pòdpè. Kòdfè .Sòti Beladè pase Baradè nou diferan, men, nou sanble.

Peyizan an rete atache a tout sa k’natirèl. Li rete andeyò.

Andeyò tout konplikasyon, tout diskriminasyon moun lavil mete nan lavi l:

Yap fè foli pou dlo nan boutèy, peyizan li menm ale alasous.

Yo tann laboratwa chimi fè kinin pou konbat lafyèv, limenm l’al pran l

Nan asowosi a dirèk. Ladous ki vyen kenèp li jwenn tout vitamin li nan manje

Fwi mi ak fèy vèt lakou lakay. Maladi kè, kansè li rezoud sa ak joumou, lamveritab.

Se gran pent filosòf Nixon Léger ki gen rezon.

Natirèl, original se sa ki kreye bote tout èvda,

Fè yo rete vivan tout tan gen tan.

Yo pa janm kab depase. Yo pap janm trepase demode.

Nan fòm panse: Kite anndan w bwode anbeli reyalite san w pa kopye

Se yon Nixonis mwen vle ye!

Emmanuel  Albert  (Toto)

Bann ipokrit


Dekilakyèl!

Watdeyèl

Jouk ou tou!

Sak te gen tan gen la a!

Kewoute!

Sa w’ konprann ou ye!

Se pa jagon, ni yon nouvo lang m’ap pale.

Se pito fason  ekspresyon kreyòl anplwaye

Pou l ramne nou alarezon, fè nou sonje detanzantan

Nou pa anyen, nou s’on sal fimye

Ke envansyon règ dekoròm sosyete a degize makiye

Si w pa vle konprann sa. Ou s’on ipokrit. Ou pran nan twa Wa:

WA kaka. WA gen tan konnen. WA kite sòt.

S’on verite Labib ekri mande limanite pou l aksepte:

« Ou se pousyè w’ap tounen nan pousyè latè »

Vle l pa vle l, repete l , mamote l,  bougonnenn touba anba

W’ap tande l kap fè eko sou wout legzistans ou pi devan laba.

S’on eko. Eko yon kultu. Se lavi w. Se oumenm menm. Se Echocultu lòm

Bouche zòrèy ou. Bouche nen w.

W’ap tande l. W’ap santi l

Menm nan son, menm nan sant gaz kap sot anndan w.

Fèmen je w. Wap wè l.  Nan glas miwa jès ou, nan jan w’ap aji chak jou.

Men, sosyete a abiye w, makiye w

Ak bèl kostim kòl kravat nan kou , bèl talatàn tafta bonbe

Odtwalèt, kològn pafen lò tout kara, kokad krizokal, tout kalite pèl diaman bizote

Pou l fè w bliye ke nan do w, pi ba ren w

G’on ti twou ki sanble ak menm sa tout bèt a ke genyen.

Lè yo fi n kanpe, ekatepye, bese defeke chiye

Li toujou bade ak lafyent salte kaka

Ke wou te  pap.  Ke wou te wa.

Se sa’k fè w’ap wè tout kote y’ap akeyi resevwa

Diyitè premye minis prezidan prens eritye otorite tout kalite,

Pa janm gen tapiwouj nan zòn pou al okabinèt kaka

Paske se la tout klasdòm nivle egalego patpoupat, se la tout rasdòm sanble.

Pa gen kare zèpòl mache bonbe lè bagay sa a vle rive.

Vitès li double depase vitès delalimyè. Si w’pa leve pye prese

Tout kò w ap gen tan bade anvan  w’pase limyè klere kote w’pral bese.

                                                                                   

Emmanuel  Albert (Toto)

                                                                     À l’écoute de Echo Culture (11 nov. 2012)